Menu Close

Kredo Apot / Haitian Creole Apostles’ Creed

 

Mwen kwè nan Bondye, Papa a ki gen tout Pouvwa.
Li kreye syèl la ak tè a.
Mwen kwè nan Jezi Kri, sèl pitit Bondye.
Li se Granmèt nou an.
Se pa pouvwa Lespri Sen an kò li vin fèt
nan vant Mari ki vyèj e li tounen yon moun.
Li soufri sou rengn Pons Pilat, yo klourel’ sou kwa a,
Li soufri e yo antere li.
Li desann kote mò yo te ye a.
Sou twazyèm jou li leve byen vivan sot nan pami mò yo.
Li monte nan syèl la e li chita adwat Papa a ki gen tout Pouvwa.
Li gen poul’ retounen pou jije ni moun k’ap viv ni moun ki mouri.
Mwen kwè nan Lespri Sen an.
Mwen kwè Legliz la Sen e li la pou tout moun.
Mwen kwè tout byen zanmi Bondye yo fè sèvi lòt yo.
Mwen kwè peche yo jwenn padon.
Mwen kwè kò moun ki mouri yo va leve byen vivan.
Mwen kwè nan lavi ki pap janm fini an. Amèn.

Show Buttons
Hide Buttons